Historia Polski w języku kreolskim

966

Maryaj Prensès Dubravka ( Sè Duk Boemyen an ki se Boleslav l ) ak Mieszko, ki te batize nan okazyon an epi pran tit Prens Lapolòy. Prens Mieszko ak pèp li a konvèti nan relijyon Krisyanis. Konvèsyon Mieszko nan Rit Laten an lakòz Lapolòy antre an kontak andeyò peyi a. Mieszko voye pitit gason l’ Lambert, fiti Mieszko ll fèmen nan yon monastè Italyen, Boleslav fè vini nan peyi Lapolòy kèk Relijye Italyen bò kote Alman yo. Politik matrimonyal la make evolisyon mantalite yo: Boleslav te gen youn dèyè lòt 2 madanm Alman epi marye pitit fi l’ yo ak yon Prens nan Kyèv ( Kapital peyi Ykrèn ) ek Yon Prens ki soti nan Anpi Women Jèmanik la. Pitit fi Mieszko a marye ak yon Wa nan peyi Lasyèd epi Nòvèj, ki vini manman Knut Le Grand, Wa peyi Danmak ak Angletè.

Dzieje_Cywilizacji_w_Polsce

1000

Anperè Otto lll rekonèt Wayote Prens Boleslav Levayan, pandan kongrè Gniezno. Kreyasyon premye Acheveche Polonè a nan Griesno ki gen otorite sou episkopal yo nan Kolobrzeg, Wroclaw ak Krakovi.

1226

Dik Conrad l nan Mazovi a mande asistans nan men Chevalye Jèmanik yo pou batay kont Prisyen yo, epi ba yo kote pou yo rete nan anba Vistyl.

1241

Premye envazyon Tatare yo (mongole) nan Sid peyi Lapolòy.Pandan pasaj yo yo touye anpil moun nan Krakovi epi kite tradisyon hejnal ak lajkonik pou moun ki rete yo. Nan batay Liegnitz ( Legnica ), Mongòl yo te masakre chevalye Alman ak Polonè yo pyès pa pyès epi apre yo atake peyi Laongri.

1283

Kòmansman vwayaj Chevalye Tetonik (An Polonè KrzyŻacy ) yo nan Prys. Yo masakre abbitan yo epi Jèmanize peyi a

1287

Twazyèm envazyon Tatar yo.

1385

Inyon Krewo ant Gran Diche peyi Lityani ak Wayòm peyi Lapolòy nan yon alyans nan Jagellon ( Jagieᴌᴌo an Polonè, Jogaila an Lityani) ak Jadwiga, erityè kouròn polonè a. Gran Dik peyi Lityani a konvèti nan relijyon Krisyanis Katolik. Apre konvèsyon sa Leta monastik chevalye teutonik yo vin lènmi an komen nan tou de Eta sa yo (Lagè nan Wayòm Lapolòy-Lityani kont lòd teutonik yo.

1410

Wiltold ak Ladislas Jagellon genyen batay Grunwald la kont chevalye teutonik yo.

Wielka-wojna-pod-Grunwaldem