Haiti 1802-1804

Polonè an Ayiti se yon pwojè vwayaj ak echanj ki jwenn enspirasyon l’ sou istwa batayon Polonè yo depi sou tan Napoleon Bonaparte. Nan kad pwojè sa a, nou vizite plizyè peyi ki retrase pasay sòlda Polonè yo tankou Almay, Lafrans, Itali, Espay ak Ayiti.

Jacmel

"A 48 kilomèt vil Lewogan, kache dèyè mòn yo. Se pò ideal pou debake zam ak manje. Ak zile Kiraso ki te bloke depi 17 jiyè 1802 epi ensije yo te fenk sot okipe tou malgre prezans yon vanyan defansè tankou Jeneral F. Pageot. Rochambeau te repran vil la apre yon gwo batay ke De la Gravière te kont. Pageot vin reprann kòmand vil Jakmèl la. Batayon an te ranfòse ak 150 sòlda Polonè ki te gen nan tèt li chèf 2yèm batayon an W. Bolesta, ki pwobableman  blese epi mouri isit la nan dat 20 oktòb nan lane 1802 a laj de 28 tan sèlman."

Gros Morene

Petit-Goâve

Grand-Goâve

Isle à Vache

Port-de-Paix

St. Marc

Jeneral Fressinet, kòmandan nou an, te bay sòlda yo lòd pou yo reponn prezan  sou chand batay yo san zam men lè yo rive batayon Jeneral Bolesta yo te parèt sou yo san zatann epi yo te kòmanse simen kout kouto sou yo ak kout bayonet. Apre zak asasinay sa a , batayon nou an te kouri kite sen mak epi kouri pran bato pou rantre Pòtoprens.

Cap Haitien (Cap Francais)

"Daprè plan Jeneral Leclerc, premye batayon Wodziński tap dirije a te ateri nan Kap Fransè (anyen non Kap ayisyen) 2 sektanm nan lane 1802. Vil Okap te egziste depi nan epòk Christophe Colon te debake nan Santa Maria nan lane 1492."

Borgne

"Nan obòy, Fransè yo kite vil la, nou menm nou ambake rès sòlda yo epi ale Okap avè yo epi kache yon an Sitadèl la akoz maladi enfektye te touye pi fò nan yo."

Jeremie

"Rezidan yo te kòmanse kite vil yo epi ale nan zile ki pi pre yo, pifò te ale nan Panyòl Kiba. Fresinè te tou profite resevwa nan Jeremi yon bato ki te genyen abò li, Kapitèn Zimirshi ki te kòmandan nan 2yèm batayon an depi apre disparisyon manm ansyen batayon an, sa fè yon bon bout tan depi Kolonèl Jasinski te mouri. Li te  touye tèt li ak yon zam."

Lakil

"Youn apre lòt, bato nou yo tap ateri sou rivaj nan lavil okay, sa te atire atansyon anpil kirye kit se moun nwa oubyen moun blan; blan espesyalman te vin resevwa nou ak kè kontan e yo te gen yon rezon pou sa paske kèk jou avan yon bann ensije te atake lavil la,se yon mirak ki te fè rete vivan toujou apre masak la, kote tout vil la te okipe nèt . Pi bon machandiz yo te soti nan Nò, nan Sid te genyen kèk faktori sik, sèlman o zalantou Okay ki te pi fètil."

Port-au-Prince

"Dapre plan Kòmandan an chèf nan lame Franse a, Jeneral D. Rochambeau te jwenn sipò voye bay Pòtoprens. Yo te voye 8 brigad nan 2yèm batayon  Polonè a nan vil Sen Mak, nan lide pou yo navige nan dat 6 oktòb 1802 pou rive Pòtoprens, yo te chanje non vil la nan lide pou yo te kapab komemore revolysyon Franse a nan pò Repibliken."

Aquin

"Lè a te rive pou nou evakye tou soti nan vil la . Nan Aken se yon sèl brigad ki ten an premye batayon an ki te sou lobedyans Kòmandan Zieleniewski tap kòmande. Ensije nwa yo te blesel epi li tal  jwenn lanmò li nan Okay."

Tortuga

"Anvan ganizon franse a te anba lòd Jeneral Bosens, te Fò lopital te genyen jiska 800 pasyan nan lopital la ki te blese, ensije yo te okipe lopital la, touye anpil nan malad yo epi mete dife nan bilding yo. Plis pase 120 sòlda nan lejyon nou an te victim anba men ensije yo. Apre lopital la te finn boule menm tras ki pi piti nan achiv lopital pat rete, tout te disparèt."

Gonayiv

"Pou ede l’ aprann lang lan ak koutim polonè yo, moun nan lokalite yo ofri l’ pou yo marye de bèl pitit nan kominote a ki se Maria Carzel ak Andrea Dembal. Apre yo te atake l’ nan kongrè Ameriken an nan peyi Etazini pou l’ kenbe tron nan avèk fyète, nan lane 1929, li demenaje nan Brooklyn epi marye ak Yula Fuller ki te soti nan Atlanta, Li se te yon ofisye ki tap fè rekritman pandan 2yèm gè mondyal la. Li te jwenn lanmò li nan lopital Marin pandan li tap pran la swenyay nan  Doktè Sawicki. Moun sou zile a te rekonesan anpil anvè Wa yo a, 25 milye moun te rann li omaj epi antere sou non Faustin ll nan Simityè Arlington nan Etazini."

Tiburon

"Sou  15yèm jou nan mwa aktyèl la , nou te dekouvri  Villainy (yon Angle) menm jan yo te amonte  Esklav yo kont blan yo, epi apre yo fin sezi lavil Tiburon, yo kite li sou kont ensije yo. Lòd pase, mlachowski mete vwal soti nan Kap franse rive nan Tiburon nan maten ki te 10 Mas." 

Acul

"Jeneral Brunet te rasanble 1003 fizi Angle ke li te jwenn sou chan batay la. Li te pran yon lame ki gen 1205 esklav fi ak gason, li te jwenn nan yon ansyen faktori yo te konn fè sik. Yo te ranpli espas sa ak bwa ak kann epi mete dife. 300 sòlda ak 140 gad nasyonal lage koukourouj dèyè ensije yo."

Fort Picolet

Fort Olivier

Fort Dauphin (Liberte)

Fort Saint Michel